USAID Office of Inspector General and La Fondation Héritage pour Haïti Launch Anti-Corruption Hotline (Creole)

Press Release

WASHINGTON, DC - Biwo Enspektè Jeneral nan Ajans Amerikèn pou Devlòpman Entènasyonal (USAID OIG) ak Fondasyon Eritaj pou Ayiti (LFHH), branch ki reprezante Transparancy International (TI) nan peyi Dayiti, anonse fonksyonnman yon liy telefòn dirèk pou lite kont koripsyon an Ayiti.

Liy dirèk sila-a pral ede lite kont koripsyon, menm jan li se yon mwayen pou ankouraje yon kilti kote moun rann kont sou jesyon pwogram asistans yo nan peyi Dayiti. Gen  anpil anons ki fèt sou radyo, televizyon pou pale de liy sila-a, e yo itilize machin òganizasyon ki travay nan patenarya ak USAID pou yo fè piblisite pou liy sila-a tou. Li fonksyone 24 sou 24, epi ou ka pale angle, franse ak kreyòl. Dayè, yo te kòmanse resevwa plent apati liy sila-a depi lè yo te anonse li nan mwa desanm 2012-la.

Yo te vini avèk lide pou mete liy telefòn dirèk sila-a sou pye nan kad patenarya kap kontinye ant USAID OIG ak LFHH. Li swiv modèl Transparency International-Pakistan ak OIG itilize pou lite kont koripsyon nan peyi Pakistan. De nimewo sila yo pa konsène pwojè USAID yo ak pwojè oganizazyon kap ekzekite pwoje li yo sèlman. Li ale pi lwen pou touche yon seri pwogram asistans ki jere nan nivo entènasyonal tankou lokal pou de
(2) peyi sa yo.

Enspektè Jeneral Adjwen USAID-a, M. Michael G. Carroll te deklare: "Nouvo liy telefòn dirèk sila-a bay pèp ayisyen-an yon mwayen pou denonse, lite kont koripsyon kap fèt nan pwogram ak sèvis ki ap travay nan enterè yo. OIG rete fèm nan angajman li pran
pou derasine fwod ak koripsyon kap pase nan pwogram asistans yo toupatou nan peyi-a, pou ede amelyore asistans bayèdefon yo ap bay an Ayiti."

Liy telefòn dirèk sila-a se USAID ki finanse li nan kolaborasyon ak biwo USAID OIG nan kad yon akò pou twa (3) lane yo siyen pou san swasant wit mil dola ameriken (US$ 168.000) avèk LFHH.